Depi 30 lane yon gwoup moun kidnape peyi a yo pranl kòm pwopriyete prive yo sanble se sèl pou yo bwa kayiman te fèt,yo kwaze bitasyon nou,devye kilti nou,epi yo krache sou rasin nou.Yo fè n kwè nou pat janm gen tèt ansanm oh depi nan ginen nèg pat vle wè nèg nou jis bwèl tankou yon konprime pou doulè san panse ak Konsekans sa ka genyen sou avni nou.otorite yo fin drive avni jènès la tout espwa nou se vwayaje sak tonbe nan chante reziyasyon,chawa pete epi pote chay yo bay jezi.
Yon jenès ki paralize mantalman,moralman e ekonomikman koz jan vi sa ye a ki vin fè jèn nan panse pou yo vin yon bagay demen se kite ayiti ki pwofitab paske pa gen vi vrè nan peyi a,gen yon pwoblèm konfyans kap krake jèn yo ki rann yo pa kwè nan tèt yo ankò paske yo pa ankouraje nou pwodwi olye yo sipòte nou se toufe yo toufe nou pou se sèl yo pou gouvène.sitou pou jèn fi nou yo,yo fènn kwè sèl pòt sòti nou se pati entim nou ki se yon pwoblèm grav paske n gen kapasite,potansyalite,entèlijans kòm pon nou.mw swete otorite konsène yo,òganizasyon swadizan kap defann dwa moun yo,pati polik yo... fòk nou panse ak ankadreman jenès la fòk nou ba yo yon lòt direksyon pou demen peyi a.
Jiskilè nou menn jèn kap viv nan mas la ya depoze yon lwa pou nou tou. lè na rive nan nevyèm ane,reto, filo konsa na jwen ankadreman,etidyan finisan yo pou travay nou asire e nou menm tout ki pat gen chans al lekòl èske nou pa gen plas nou nan sosyete a tou? Èske se sèl plak manifestan nou merite? Mesye le prezidan a pale jenès la pa wè l non nan bidjè 2017_2018 la.nou mèt kontinye kite peyi a? Nou reprezante majorite nan peyi e poutan se nou ou plis pa bay enpòtans.
Nou bezwen yon leta responsab ki pou pran desten jenès la an men.fòk jèn yo jwenn plas yo nan bwat leta yo twòp granmoun ak baton nan leta a ki bezwen retrèt,nou mande plis inivèsite,plis lise,plis lekòl nasyonal ak bon jan materyèl pou plis timoun pran chimen lekòl,nou bezwen profesè konpetan,nou mande ankadreman pou etidyan lekòl nòmal yo,pou envite twòp echèk nan egzamen ofisyèl yo. YON PEYI PAKA VANSE SAN EDIKASYON NI SAN LA JENÈS.
VIV LEDIKASYON!
Jean Baptiste Clara journaliste,reporter,poéte,ecrivains.
Whatsapp 50946284973

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire