Depi nan vant manman m m ap tande bri son kreyòl la. Kreyòl se lang matènèl tout ayisyen kèlkeswa kote l ta ye nan mond lan.Gen plizyè teyori ki eseye esplike kijan lang kreyòl la te pran nesans yo di: se yon maryaj lengwistik lang endyen,afriken,panyòl,fransè elatriye. Nan nivo entènasyonal
UNESCO klase lang kreyòl ayisyen an 32 yèm lang sou tè a
Lè yo konsidere gen de lang ki pa menm gen 1000 moun ki pale yo. Poutan, gen plis pase 12 milyon ayisyen ki pale kreyòl san konte kolon etranje yo. Sou plan jiridik , n ap raple se aprè anpil bat bouch yo te rive vote l nan konstitisyon 28 mas 1987 la ki vin ba l plas ofisyèl li genyen la.
Gen anpil rechèch gwo savan ki espesyalize nan lengwistik ak branch ki konèks avè l yo fè konnen aprann yon lang se yon pwosesis konplèks ki chita sou yon rapò sere ki makonnen biyoloji ak fason moun nan ap viv nan sosyete li .Nan sans sa a, an n poze yon ti kesyon kijan fè yon timoun katran rive akonpli gwo mirak sa a pale kreyòl, eske yo fèt ak yon kapasite espesyal poutan lè yo vin gran yo vin gen anpil difikilte pou aprann lòt lang ? Sa pwouve m enpòtans lang kreyòl lan ki se manmèl tout ayisyen. San n pa bliye ti pwovèb nou yo tankou:«yon sèl dwèt pa manje kalalou» «Bay piti pa chich» «Bouch manje tout manje,li pa di tout koze»yon lang se yon kontra sosyal.
Sa k fè pi fò liv nou yo an fransè? Epi n ap panse an kreyòl ki wòl ministè edikasyon nasyonal ta jwe nan deriv sa? Ou ta pèdi jekwazandye w antre nan yon enstitisyon piblik ou prive pou w pale kreyòl mepriz ap Voye w anlè ...poukisa lang kreyòl la pa ka jwenn plas li nan sosyete a? Kote swadizan òganizasyon k ap defann lang kreyòl la? Sispann mete tèt nou deyò chak 28 oktòb. Antouka an n sispann pran anana pou sizàn ,kreyòl se nou,nou se ayiti🇭🇹
(Jean Baptiste Clara jounalis,
Repòtè,ansenyant.
Tel:46284973)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire